skip to content

Read about our recent product expansion here.

Color Health

Konsantman pou Sèvis Swen Sante

Entwodiksyon

Fòmilè konsantman sa a (“Konsantman“) dekri kijan oumenm (ke nou deziyen antanke “oumenm/ou/w oswa “pa ou/ou/w“), kòm itilizatè Sèvis Color yo, pral egzamine risk espesifik, avantaj ak limit nan tès yo, preskripsyon, rekòmandasyon ak/oswa administrasyon tretman, konsèy, konsiltasyon medikal an pèsòn oswa nan telefòn oswa sèvis telesante nan videyo ak lòt sèvis “Sèvis Swen Sante a (yo)” yon fason kolektif) ke Color Health, Inc., afilye nou yo, ansanm ak patnè nou yo(“Color“, “nou/noumenm/n“, “noumenm” oswa “pa nou/nou“) founi, epi kijan ou bay konsantman w pou Sèvis Swen Sante ou chwazi a (yo).

Wòl Color 

Color ka mete w an kontak avèk klinisyen yo ki nan Color Medical, ak/oswa klinisyen, laboratwa, famasi ak lòt pwofesyonèl ki pa afilye, tout nan yo ka genyen pwòp kondisyon sèvis ak lòt politik pa yo ki aplikab.  Nou pa kontwole ni entèfere nan pratik lamedsin klinisyen yo, ki se sèl responsab swen medikal ak tretman yo ba ou yo. 

Patisipasyon Volontè

Itilizasyon ou pou Sèvis Swen Sante Color yo totalman volontè. Se ou menm ki deside si w ap itilize oswa si w p ap itilize Sèvis Swen Sante yo selon jan w egzamine risk, avantaj ak limit yo nan tès endividyèl, tretman oswa lòt sèvis yo, e selon konsiltasyon ou fè avèk yon pwofesyonèl swen sante. 

Pwosedi pou Sèvis Swen Sante Color

Ou kapab genyen posiblite pou chwazi tès, tretman oswa lòt sèvis espesifik, ki gen ladann, men ki pa limite avèk sa yo sèlman, tès oswa tretman pou maladi enfektye, tès jenetik ak lòt tès, ak/oswa konsiltasyon avèk yon pwofesyonèl swen sante konsènan rezilta laboratwa ki pa nòmal.

W ap gen posiblite pou egzamine yon rezime risk yo, avantaj ak limit yo pou chak Sèvis Swen Sante. Nou ankouraje w diskite sou tout kesyon oswa preyokipasyon ou genyen avèk yon pwofesyonèl swen sante ou chwazi.

Lè w chwazi yon Sèvis Swen Sante, ou deklare ou te gen posiblite rezonab pou egzamine risk yo, avantaj ak limit yo nan Sèvis Swen Sante yo, epi w te gen posiblite pou diskite sou yo avèk pwofesyonèl swen sante w la, si w te vle fè sa, epi ke w ap bay Color konsantman w pou l ba ou aksè ak Sèvis Swen Sante ou chwazi a.  Nan kèk ka, yo ka mande w dokiman konsantman siplemantè (pa egzanp, pa mwayen ekri oswa elektwonik) pou kèk Sèvis Swen Sante.

Itilizasyon Sèvis Telesante

Color ka ba ou aksè ak sèvis telesante yo e li ka mete itilizatè yo an kontak avèk pwofesyonèl swen sante tyès pati pou pèmèt pwofesyonèl swen sante sa yo evalye adistans enfòmasyon medikal moun lan nan objektif pou ba li swen. “Sèvis telesante” ka gen ladann dyagnostik ak preskripsyon adistans, planifikasyon randevou, pataj enfòmasyon medikal ak sèvis ki pa sèvis klinik, tankou edikasyon pasyan. Nou ka itilize enfòmasyon ou bay yo pou fè dyagnostik, tretman, suivi medikal ak/oswa edikasyon pasyan. Oumenm ak pwofesyonèl swen telesante a ka pataje enfòmasyon medikal atravè nenpòt konbinezon sa yo: dosye medikal ak rezilta tès; imaj ak kominikasyon ki pa senkwonize; odyo ak videyo nan de (2) direksyon k ap fèt an dirèk; odyo entèraktif avèk anrejistreman ak transfè; epi done ki soti nan aparèy medikal ak nan fichye odyo ak videyo.

Lwa ki pwoteje konfidansyalite vi prive ak konfidansyalite enfòmasyon swen sante yo pral aplike tou pou telesante a. Color itilize ak divilge Enfòmasyon sou Sante ki Pwoteje nan plizyè fason ki lye ak tretman w, pèman pou swen w ak aktivite ki gen rapò ak swen sante nou yo jan nou plis detaye l nan Avi HIPAA sou Pratik Konfidansyalite Vi Prive Color

Genyen avantaj ak risk lè w itilize telesante. Avantaj potansyèl yo ka gen ladan yo, rann li pi fasil, pi pratik ak pi efikas pou resevwa swen medikal ak tretman. Sèvis telesante yo pèmèt ou jwenn swen sante nan lè ki pi bon pou ou a tou. Risk potansyèl yo ka gen ladan yo, san limitasyon:

  • Enfòmasyon ki disponib pou pwofesyonèl swen telesante a ka pa sifizan pou pèmèt li pran yon desizyon medikal ki apwopriye, ki enkli, dyagnostik oswa tretman.
  • Enkapasite pwofesyonèl swen telesante a genyen pou l fè yon egzamen an pèsòn ka, nan kèk sikonstans, anpeche l bay yon dyagnostik oswa tretman oswa idantifye bezwen pou swen medikal oswa tretman ann ijans.
  • Pwoblèm teknoloji, tankou pèt siyal oswa pwoblèm enfrastrikti nan Entènèt la, ka lakoz pwoblèm difizyon ak resepsyon (pa egzanp-, move kalite imaj oswa son, koupi nan koneksyon, entèferans nan odyo) ki anpeche yon entèraksyon ki efikas ant oumenm ak pwofesyonèl swen sante k ap trete w la, epi sa ka pwovoke pèt nan enfòmasyon yo.

Menm jan ak tout kominikasyon sou Entènèt, genyen risk pou vyolasyon sekirite. Sistèm elektwonik yo itilize yo pral entegre pwotokòl sou sekirite rezo ak lojisyèl yo pou pwoteje konfidansyalite done pasyan yo epi l ap genyen mezi k ap la pou pwoteje done yo ak garanti entegrite yo. 

Lòt moun ki pa pwofesyonèl swen telesante ka prezan tou oswa ka genyen aksè ak enfòmasyon mwen yo pandan sesyon telesante a pou ede nan fonksyònman, nan livrezon oswa reparasyon sèvis telesante a ak teknoloji yo.  Moun sa yo pral konfòme yo ak politik ki aplikab sou konfidansyalite vi prive ak sekirite yo. 

Mwen konfime sa ki annapre yo:

  1. Mwen gen otorite legal pou m bay konsantman m pou Sèvis Swen Sante.
  2. Mwen konprann e mwen dakò Sèvis Swen Sante ke Color bay aksè ak yo a ka pa apwopriye pou sèten popilasyon moun ki genyen kèk kondisyon oswa sentòm. Avan mwen resevwa Sèvis Swen Sante, mwen te gen posiblite pou konsilte avèk  pwofesyonèl swen sante m nan. 
  3. Mwen konprann e mwen dakò pou yo ban mwen epi pou mwen egzamine enfòmasyon sou Sèvis Swen Sante mwen chwazi yo, ki gen ladann, avantaj, risk, pwoblèm oswa konplikasyon posib, ak lòt chwa ki posib pou swen medikal mwen yo.
  4. Mwen konprann se dwa mwen pou m konsilte pwòp pwofesyonèl swen sante pa m avan m deside si pou m resevwa yon Sèvis Swen Sante oswa si pou m refize tout Sèvis Swen Sante si mwen detèmine mwen pa aksepte risk potansyèl yo oswa si yo pa apwopriye pou  mwen. 
  5. Mwen konprann e mwen dakò pou yon pwofesyonèl swen sante mwen gen aksè ak li atravè Color p ap gen aksè ak tout dosye medikal mwen yo epi enfòmasyon sou sante mwen bay nan moman Sèvis Swen Sante oswa nan vizit telesante mwen an ka se sèl sous enfòmasyon sou sante pwofesyonèl swen sante a ka itilize pandan evalyasyon ak tretman mwen an.
  6. Mwen konprann, mwen dakò, e mwen bay konsantman m defason fòmèl pou Color jwenn, itilize, konsève ak divilge bay tyès pati ki nesesè yo, enfòmasyon ki konsène m, sa gen ladann, imaj mwen, depi sa nesesè pou ban mwen sèvis swen telesante.  Mwen bay konsantman m pou bay doktè swen prensipal mwen an oswa lòt pwofesyonèl swen sante mwen idantifye, dosye medikal mwen yo.  Mwen konprann tou ke m ap gen aksè ak tout enfòmasyon medikal ki soti nan Sèvis Swen Sante oswa nan konsiltasyon telesante a, jan lalwa ki aplikab sou aksè pasyan an prevwa li. 
  7. Mwen konprann e mwen dakò ke y ap ban mwen idantite ak referans pwofesyonèl swen sante mwen an alavans oswa nan moman Sèvis Swen Sante mwen an oswa vizit telesante a. Nan ka ta gen yon defayans nan teknoloji a, klinisyen mwen an ap ban mwen pwochen etap yo oswa enfòmasyon pou fè suivi yo. 
  8. Mwen konprann e mwen dakò, lè m anrejistre pou yon Sèvis Swen Sante, mwen bay konsantman m pou Color fè epi bay Sèvis Swen Sante sa a.
  9. Mwen konprann ke se dwa m pou m refize oswa anile konsantman m pou kèlkeswa Sèvis Swen Sante a ak pou itilizasyon telesante Color a, nenpòt kilè. Mwen konprann si m anile konsantman mwen pou yon Sèvis Swen Sante oswa pou itilizasyon telesante, sa pa pral afekte okenn sèvis oswa avantaj swen m kapab benefisye alavni, men si mwen anile konsantman m sa pral afekte kapasite m pou m kontinye resevwa yon Sèvis Swen Sante espesifik jiskaske mwen bay yon nouvo konsantman pou Sèvis Swen Sante sa a.
  10. Mwen konprann e mwen dakò ke Sèvis Swen Sante Color yo ak sèvis telesante yo pa la pou bay swen dijans oswa pou sitiyasyon ijans medikal.  Nan ka ta gen yon ijans medikal oswa yon reyaksyon defavorab ak yon tretman, mwen konprann mwen dwe rele 911.
  11. Mwen konprann risk, avantaj ak limit nan sèvis telesante ki dekri anlè yo.
  12. Mwen rekonèt mwen te resevwa epi mwen te gen posiblite pou egzamine Kondisyon Sèvis yo, Politik sou Konfidansyalite Vi Prive a, ak Avi HIPAA sou Pratik Konfidansyalite Vi Prive Color yo.
  13. Mwen konprann ke siyati elektwonik mwen gen menm efè ak siyati mwen fè alamen.

Konsantman ki Espesifik ak Eta a pou Sèvis Telesante:

Enfòmasyon sa yo aplike pou pasyan ki gen aksè ak sèvis telesante ki soti nan eta ki nan lis anba a.

    • New York:  Mwen konprann ke mwen kapab mande pwofesyonèl swen telesante mwen an kijan pou m verifye lisans pwofesyonèl li.  
  • Texas: 
    • AVI SOU PLENT –  Plent sou doktè, ansanm ak lòt lisansye ak sa ki enskri nan Konsèy Medikal Texas (Texas Medical Board), ki enkli asistan medikal, akiponktè ak asistan chirijyen, ou ka rapòte yo pou yo ka mennen envestigasyon sou yo nan adrès sa a: Texas Medical Board, Attention: Investigations, 333 Guadalupe, Tower 3, Suite 610, P.O. 610, P.O. Box 2018, MC-263, Austin, Texas 78768-2018. Ou kapab jwenn èd pou depoze yon plent lè w rele nan nimewo telefòn sa a: 1-800-201-9353, Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou sitwèb nou an nan www.tmb.state.tx.us.

 

  • Utah:  Pou enfòmasyon siplemantè sou pwopriyetè-operatè sitwèb telesante a, adrès li ak enfòmasyon kontak li, kontakte support@color.com.

Rekonesans

Ou (a) sètifye ou se pasyan an, oswa ou otorize pou bay konsantman nan non pasyan an antanke reprezantan oswa responsab legal pasyan an, (b) rekonèt ak aksepte risk nou idantifye anlè yo ak kondisyon ki asosye ak resepsyon Sèvis Swen Sante, ki enkli, atravè sèvis telesante, epi (c) bay konsantman enfòme ou pou resevwa Sèvis Swen Sante selon kondisyon ki dekri la yo.